6
 1 Epi nan ✡ I Kor 3:9travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.  2 Paske Li di: 
✡ És 49:8“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou, 
e nan jou sali a Mwen te ede nou”. 
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.  3 Konsa,✡ I Kor 8:9,13Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li.  4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan✡ Trav 9:16anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès  5 nan ✡ Trav 16:23pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi ✡ I Kor 4:11nan grangou  6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan ✡ I Kor 2:4Lespri Sen an, nan vrè lanmou an  7 nan pawòl verite a, nan ✡ I Kor 2:5pwisans Bondye a; ak ✡ II Kor 10:4zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,  8 pa laglwa ak ✡ I Kwo 4:10wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;  9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen ✡ II Kor 1:8,10vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò,  10 kòm ✡ Jn 16:22plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm ✡ II Kor 8:9pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay. 
 11  ✡ Éz 33:22Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.  12 Nou pa anpeche nou, men ✡ II Kor 7:2ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w.  13 Koulye a, ✡ I Kor 4:14nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou. 
 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ✡ Ef 5:7-11ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?  15 Oubyen ki ✡ I Kor 10:21amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan?  16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp la a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: ✡ Egz 29:45“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”  17  ✡ És 52:11Konsa, 
“ ‘Soti nan mitan yo, 
e separe de yo’, di Senyè a. 
‘Pa touche sa ki enpi. 
Mwen va akeyi nou. 
 18  ✡ II Sam 7:14Mwen va yon Papa pou nou, 
e nou va fis ak fi pou Mwen,’ 
di Senyè Tou Pwisan an.”