7
 1 Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?” 
 2 Li te di: “Koute m ✡ Jn 8:42frè m yo ak ✡ Jen 11:31ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran.  3 E Li te di li: ✡ Jen 12:1“Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”. 
 4  ✡ Jen 11:31Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. ✡ Jen 12:4,5Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.  5 Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, ✡ Jen 12:7Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo. 
 6 Men ✡ Jen 13:15Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane.  7 “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, ✡ Egz 3:12epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.” 
 8 Li ✡ Jen 17:10te bay li akò sikonsizyon an, epi ✡ Jen 21:2-4Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo. 
 9 Patriyach yo ✡ Jen 37:11,28te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li  10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li ✡ Jen 39:21te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li. 
 11 Alò ✡ Jen 41:54yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje.  12 Men ✡ Jen 42:2lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a. 
 13 Nan dezyèm vizit la ✡ Jen 45:1-4Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, e✡ Jen 45:16fanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon.  14 Alò ✡ Jen 45:9,10,17,18Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou. 
 15 Konsa, ✡ Jen 46:1-7Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la.  16 Depi la kò yo te deplase retounen nan ✡ Jen 23:16Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo. 
 17 Men pandan ✡ Jen 15:13tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche ✡ Egz 1:7pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,  18 jiskaske ✡ Egz 1:8Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph.  19 Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab ✡ Egz 1:22fè zanfan pa nou yo pa t kab viv. 
 20 Se te nan tan sila a ke ✡ Egz 2:2Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li.  21 Epi lè l te abandonen, fi ✡ Egz 2:5Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li.  22 Moïse te enstwi nan tout ✡ I Wa 4:30konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak. 
 23 Men lè l t ap pwoche laj karant ane, ✡ Egz 2:1sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo. 
 24 Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an.  25 Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann. 
 26  ✡ Egz 2:1“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’ 
 27 “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: ✡ Egz 2:14‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou?  28  ✡ Egz 2:14Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’ 
 29 “Akoz pawòl sila a ✡ Egz 2:15,22Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis. 
 30 “Apre karant ane te pase, ✡ Egz 3:1Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa.  31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li:  32  ✡ Egz 3:6‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade. 
 33  ✡ Egz 3:5“Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen.  34  ✡ Egz 3:7Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’ 
 35 “Menm Moïse sila a ke yo te ✡ Egz 2:14rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a.  36  ✡ Egz 12:41Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè ✡ Egz 7:3mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a.  37 Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: ✡ Det 18:15,18‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’ 
 38 “Sa se li menm ki te nan ✡ Egz 19:17asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa ✡ Det 32:47pawòl vivan yo pou pase bannou. 
 39 “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te ✡ Nonb 14:3rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte.  40  ✡ Egz 32:1,23Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’  41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan ✡ Rev 19:20zèv a pwòp men yo. 
 42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: 
✡ Am 5:25‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri 
ofrann ak sakrifis 
karant ane nan dezè a, O lakay Israël. 
 43  ✡ Am 5:26,27Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la, 
ak zetwal a dye Remphan an; 
imaj ke nou te fè pou adore yo. 
Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’ 
 44 “Zansèt nou yo te gen ✡ Egz 25:8-9tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou ✡ Egz 25:40fè, selon modèl ke li te wè a. 
 45 “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te ✡ Det 32:49pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.  46  ✡ II Sam 7:8David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite.  47 Men se te ✡ I Wa 6:1-38Salomon ki te bati yon kay pou Li. 
 48 “Poutan ✡ Luc 1:32Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a: 
 49  ✡ És 66:2‘Syèl la se twòn Mwen, 
E tè a se ban pou pye Mwen. 
Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ 
‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen? 
 50 Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’ 
 51 “Nou menm, ki se moun ✡ Egz 32:9kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.  52  ✡ II Kwo 36:1Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke ✡ Trav 3:14Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.  53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon ✡ Det 33:2òdonans pa zanj yo, te vyole li.” 
 54 Alò, lè yo te tande sa, yo te ✡ Trav 5:33blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li. 
 55 Men ✡ Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye.  56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè ✡ Jn 1:51syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.” 
 57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa,  58 e lè yo te fin pouse li ✡ Lev 24:14-16deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te ✡ Trav 22:20depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul. 
 59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te ✡ Trav 9:21rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”.  60 Konsa, ✡ Luc 22:41li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.