11
 1  ✡ Det 15:10Voye pen ou sou sifas dlo, 
e apre anpil jou, ou va twouve l. 
 2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm; 
paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè. 
 3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè; 
epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò, 
kote li tonbe a, se la l ap kouche. 
 4 Sila ke veye van an p ap simen; 
ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte. 
 5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an, 
ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan, 
se konsa ou pa konnen zèv Bondye 
ki fè tout bagay la. 
 6 Simen semans ou ✡ Ekl 9:10nan maten an; 
ni pa gaspiye tan nan aswè. 
Paske ou pa janm konnen si se nan maten 
oswa nan aswè semans lan ap reyisi; 
ni si se pa tou de k ap bon. 
 7 Limyè a byen bèl, 
e li bon pou zye ✡ Ekl 6:5wè solèy la. 
 8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane, 
kite li rejwi li nan yo tout; 
men pa kite l bliye ✡ Ekl 12:1jou tenèb yo, paske yo va anpil. 
Tout sa ki gen pou vini se vanite. 
 9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou, 
e kite kè ou rete kontan 
pandan ane de laj jenès ou yo. 
Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, 
men konnen byen ke Bondye 
va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo. 
 10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste 
pou l pa nan kè ou, 
e fè ✡ II Kor 7:1mal rete lwen chè ou; 
paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.