35
 1 Savann nan ak dezè a va kontan. 
✡ És 41:19Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz. 
 2 Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, 
e fè yon kri lajwa. 
Glwa Liban an va bay a li menm; 
majeste a Carmen ak Saron an. 
Yo va wè ✡ És 25:9 glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an. 
 3  ✡ Job 4:3-4Ankouraje men ki pedi fòs, 
e ranfòse jenou ki fèb la. 
 4 Pale a sila ki gen ✡ És 32:4kè twouble yo, 
“Pran kouraj! 
Pa pè! 
Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. 
Rekonpans Li an va rive. 
Li va vini, e Li va sove nou.” 
 5 Konsa, ✡ És 29:18zye avèg yo va louvri, 
e zòrèy a soud yo debouche. 
 6  ✡ Mat 15:30Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, 
e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. 
Paske dlo va pete nan tè sèch yo, 
ak vwa dlo yo nan dezè a. 
 7 Peyi deseche a va vin tounen yon letan, 
e tè swaf kòn ✡ És 49:10sous k ap pete dlo. 
Nan landwa chen mawon yo, 
nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon. 
 8 Yon gran chemen va la, yon gran ri. 
Li va rele Chemen Sen an. 
Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, 
men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. 
Moun mechan ak enpridan an pa p mache la. 
 9 Nanpwen lyon k ap la, 
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. 
Yo p ap twouve la. 
Men ✡ És 51:10rachte yo va mache la. 
 10  ✡ És 1:27Rachte a SENYÈ yo va retounen. 
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; 
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. 
Yo va twouve kè kontan ak lajwa; 
tristès ak soupi va sove ale.