12
 1 Alò, sila yo se ✡ Nonb 32:33wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès:  2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine ✡ Det 2:36soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an;  3 epi nan ✡ Jos 11:2Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè ✡ Jos 13:20 Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo;  4 epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan ✡ Det 3:11retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï,  5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan ✡ Det 3:14lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an. 
 6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. ✡ Nonb 32:33Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon. 
 7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, ✡ Jos 11:17 jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo,  8 nan ✡ Jos 11:16peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an: 
 10  ✡ Jos 10:23wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn; 
 11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn; 
 12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn; 
 13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn; 
 14 wa a Horma a, youn; wa a ✡ Nonb 21:1Arad la, youn 
 15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn; 
 16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn; 
 17 wa a Tappuach la, youn; ✡ I Wa 4:10wa a Hépher a, youn; 
 18 wa a ✡ Jos 13:4Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn; 
 19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn; 
 20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn; 
 21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn; 
 22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn; 
 23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn; 
 24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.