19
 1 Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo.  2 Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada,  3 avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem,  4 Eltholad, Bethul, Horma  5 Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa,  6 Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo;  7 Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo;  8 epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo.  9 Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a. 
 10 Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid.  11 Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan.  12 Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia.  13 Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa.  14 Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El.  15 Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo.  16 Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. 
 17 Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo.  18 Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak ✡ I Sam 28:4Sunem,  19 Hapharaïm, Schion, Anacharath,  20 Rabbith, Kischjon, Abets,  21 Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets:  22 Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo.  23 Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo. 
 24 Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo.  25 Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph,  26 Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès.  27 Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè ✡ I Wa 9:13Cabul,  28 avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan ✡ Jen 10:19Gran Sidon.  29 Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn ✡ Jij 1:31Aczib.  30 Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo.  31 Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. 
 32 Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo.  33 Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an.  34 Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès.  35 Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth,  36 Adama, Rama, Hatsor,  37 avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor,  38 Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo.  39 Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo. 
 40 Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo.  41 Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch,  42 avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla,  43 epi Élon, Thiminatha, Ékron,  44 Eltheké, Guibbethon, Baalath,  45 Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon,  46 Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a.  47 Teritwa a ✡ Jij 18:1fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo.  48 Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo. 
 49 Lè yo te fin divize teren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan.  50 An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, ✡ Nonb 13:8Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann.  51  ✡ Jos 18:10Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.