19
 1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ✡ Mc 10:1-12ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an.  2 Gran foul yo te swiv Li, e ✡ Mat 4:23Li te geri yo la. 
 3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: ✡ Mat 5:31“Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?” 
 4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ✡ Jen 1:27ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl,  5  ke: ✡ Jen 2:24‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè?  6  Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’ ” 
 7 Yo te mande L: “Ebyen, ✡ Det 24:1-4poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’ ” 
 8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye.  9  Mwen di nou: ✡ Mat 5:32 Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”  
 10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.” 
 11 Men Li te di yo: ✡ I Kor 7:7“Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay.  12  Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.” 
 13 Apre sa, ✡ Mc 10:13-16yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo. 
 14 Konsa, Jésus te di: ✡ Mat 18:3“Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.  15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la. 
 16  ✡ Luc 10:25-28Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?” 
 17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men ✡ Lev 18:5si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.” 
 18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?” 
Jésus te reponn li: ✡ Egz 20:13-16“Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj.  19  ✡ Egz 20:12Onore papa ou avèk manman ou, epi ✡ Lev 19:18renmen pwochen ou tankou tèt ou.” 
 20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?” 
 21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè,  ✡ Luc 12:33 ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.” 
 22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen. 
 23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: ✡ Mat 13:22 Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la.  24  Ankò, Mwen di nou: ✡ Mc 10:25Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.” 
 25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?” 
 26 Jésus te byen gade yo, e te di: ✡ Jen 18:14“Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.” 
 27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?” 
 28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm ✡ Luc 22:30tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo. 
 29  ✡ Mat 6:33“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.  30  ✡ Mat 20:16Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”