MICHÉE  
 1
 1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a ✡ Jr 26:18 Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan. 
 2 Tande, O pèp yo, nou tout! 
✡ Jr 6:19 Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. 
Kite SENYÈ Bondye a vin ✡ És 50:7temwen kont nou; 
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an. 
 3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin ✡ És 26:21sòti nan plas Li a. 
Li va vin desann pou ✡ Am 4:13 foule wo plas latè yo. 
 4  ✡ Sòm 97:5Mòn yo fann anba Li; 
Vale yo fann tankou lasi devan dife, 
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik. 
 5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la 
ak pou peche Israël la. 
Se kisa ki ✡ Jr 2:19  rebelyon a Jacob la? 
Èske se pa ✡ És 7:9Samarie? 
Se kisa ki wo plas a Juda yo? 
Èske se pa Jérusalem? 
 6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil ✡ II Wa 19:25mazi nan yon chan louvri, 
tankou yon kote pou plante yon chan rezen. 
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a, 
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo. 
 7 Tout ✡ Det 9:21 zidòl li yo va vin kraze nèt, 
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, 
e tout zidòl li yo Mwen va detwi; 
paske se pou salè a yon ✡ Det 23:18pwostitiye ke li te ranmase yo, 
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt. 
 8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. 
Mwen oblije ale ✡ És 32:11 pye atè ak toutouni. 
Mwen oblije fè lamantasyon tankou ✡ És 13:21,22chen mawon, 
plenyen tankou otrich! 
 9 Paske ✡ És 3:26blesi li a p ap ka geri; 
paske li fin rive nan Juda. 
Li rive nan pòtay a pèp mwen an, 
menm Jérusalem. 
 10  ✡ II Sam 1:20Pa pale sa nan Gath. 
Pa kriye menm. 
Nan Beth-Leaphra mwen te woule 
kò mwen nan pousyè. 
 11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; 
nan ✡ Éz 23:29 lawont ak toutouni ou. 
Moun ✡ Jos 15:37Tsaanan p ap chape. 
Plenyen Beth-Haëtsel la: 
Li va retire sou ou tout soutyen li. 
 12 Paske moun Maroth vin fèb nan ✡ És 59:9-11tann sa ki bon, 
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, 
rive nan pòtay Jérusalem nan. 
 13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun ✡ Jos 10:3Lakis! 
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— 
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo. 
 14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath. 
Lakay ✡ Jos 15:44 Aczib yo va vin yon ✡ Jr 15:18desepsyon pou wa Israël yo. 
 15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila 
k ap pran posesyon nou an, 
O nou menm k ap viv nan ✡ Jos 15:44Maréscha yo! 
Glwa Israël la va antre menm nan ✡ II Sam 23:13 Adullam. 
 16 Vin ✡ És 22:12chòv nèt; 
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. 
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, 
paske ✡ II Wa 17:6 yo te ale an egzil kite ou!