26
 1 Konsa, li te vin rive apre ✡ Nonb 25:9  gwo epidemi an ke SENYÈ a te pale avèk Moïse e avèk Éléazar, fis Aaron an, prèt la. Li te di:  2  ✡ Egz 30:11-16“Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël.  3 Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan ✡ Nonb 22:1plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo:  4 Fè yon kontwòl a pèp la soti nan laj a ventan oswa plis, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.”  5 Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo;  6 a Hetsron, fanmi a Estwonit yo; a Carmi, fanmi a Kamit yo. 
 7 Sila yo se fanmi a Ribenit yo: sila ki te konte nan yo a se te karann-twa-mil-sèt-san-trant (43,730). 
 8 Fis a Pallu yo: Éliab.  9 Fis a Éliab yo: Nemeul, Dathan ak Abiram. Sila yo se te Dathan avèk Abiram ki te ✡ Nonb 1:16rele pa kongregasyon an, ki te kont Moïse ak Aaron nan konpanyen Koré yo lè yo te kont SENYÈ a,  10 epi ✡ Nonb 16:32tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant (250) mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp.  11 Sepandan, ✡ Nonb 16:27-33 fis a Koré yo pa t mouri. 
 12 Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo;  13 a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo.  14 Sila yo se fanmi a Simeyonit yo, ✡ Nonb 1:23 venn-de-mil-de-san (22,200). 
 15 Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo;  16 a Ozni, fanmi a Oznit yo; a Éri, fanmi a Erit yo;  17 a Arod, fanmi a Awodit yo; a Areéli, fanmi a Areyelit yo.  18 Sila yo se fanmi a fis a Gad yo selon sila ki te konte nan yo, te ✡ Nonb 1:25karant-mil-senk-san (40,500). 
 19  ✡ Jen 38:2Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran.  20 Fis a ✡ I Kwo 2:3Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo.  21 Fis a Peret yo te: a Hetsron, fanmi a Etswonit yo; a Hamul, fanmi a Amilit yo.  22 Sila yo se fanmi a Juda selon sila ki te konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:27swasann-sèz-mil-senk-san (76,500).  23 Fis a ✡ Jen 46:13Issacar yo selon fanmi pa yo: a Thola, fanmi a Tolatit yo; a Puva, fanmi a Pivit yo;  24 a Jaschub, fanmi a Jachoubit yo; a Shimron, fanmi a Chimwonit yo.  25 Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:29swasann-kat-mil-twa-san (64,300). 
 26 Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi ✡ Jen 46:14 a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo.  27 Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san (60,500). 
 28  ✡ Jen 46:20Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm.  29 Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo;  30 Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a ✡ Jij 6:11-34Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo,  31 epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo;  32 epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo.  33 Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi ✡ Nonb 27:1non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa. 
 34 Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:35senkann-de-mil-sèt-san (52,700).  35 Sila yo se fis a Ephraïm yo selon fanmi pa yo: a Schutélach, fanmi a Chutelachit yo; a Béker, fanmi a Bekerit yo; a Thachan, fanmi a Tachanit yo.  36 Sila yo se fis a Schutélach yo: a Éran fanmi a Eranit yo.  37 Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:33trann-de-mil-senk-san (32,500). Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo.  38 Fis a Benjamin yo selon fanmi pa yo: a Béla, fanmi a Belit yo; a Aschbel, fanmi a Achbelit yo; a Achiram, fanmi a Achiramit yo;  39 a Schupham, fanmi a Choufamit yo; a Hupham, fanmi a Oufamit yo.  40 Fis a Béla yo se te: Ard ak Naaman: nan Ard, fanmi a Adit yo; nan Naaman, fanmi a Naamanit yo.  41 Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:37karann-senk-mil-sis-san (45,600).  42 Sila yo se fis a Dan yo selon fanmi pa yo: a Schucham, fanmi a Chouchamit yo. Sila yo se fanmi a Dan selon fanmi pa yo.  43 Tout fanmi a Chouchamit yo selon sila ki te konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:39 swasann-kat-mil-kat-san (64,400).  44 Fis a Aser yo, selon fanmi pa yo: a Jimna, fanmi a Jimnit yo; a Jischvi, fanmi a Jischvit yo; a Beria, fanmi a Berit yo.  45 A fis a Beria yo: Héber, fanmi a Eberit yo; a Malkiel, fanmi a Malkyelit yo.  46 Fi a Aser a te rele Sérach.  47 Sila yo se fanmi a fis Aser yo selon sila ki te konte nan yo, se te ✡ Nonb 1:41 senkant-twa-mil-kat-san (53,400). 
 48 Fis a Nephtali yo, selon fanmi pa yo: a Jahtséel, fanmi a Jatseyelit yo; a Guni, fanmi a Gounit yo;  49 A Jetser, fanmi a Jetsrit yo; a Schillem, fanmi a Chilemit yo.  50 Sila yo se fanmi a Nephtali yo selon fanmi pa yo, epi sila ki te konte avèk yo, se te ✡ Nonb 1:43 karann-senk-mil-kat-san (45,400).  51 Sila yo se sa yo ki te konte nan fis Israël yo, ✡ Egz 12:37sis-san-en-mil-sèt-san-trant (601,730). 
 52 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:  53 Pami sila yo, peyi a va divize kòm yon eritaj selon fòs kantite pèp la.  54  ✡ Nonb 33:54Nan sila ki pi gran yo, ou va ogmante eritaj pa yo, e nan pi piti yo, ou va diminye eritaj yo. Chak va bay eritaj yo selon sila ki te konte nan yo.  55 Men peyi a va ✡ Nonb 33:54divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo.  56 Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo. 
 57  ✡ Jen 46:11Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo.  58 Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. ✡ Egz 6:20Kehath te devni papa a Amram.  59 Non a madanm Amram nan se te Jokébed, fi pou Levi a, ki te ne a Levi an Égypte; epi li te fè pou Amram: Aaron avèk Moïse avèk sè yo, Marie.  60  ✡ Nonb 3:2Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar.  61  ✡ Lev 10:1-2Men Nadab avèk Abihu te mouri lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a. 
 62 Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske ✡ Nonb 1:47yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo. 
 63 Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.  64  ✡ Det 2:14-16Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a.  65 Paske, SENYÈ a te di a yo menm: ✡ Nonb 14:26-35“Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.