8
 1 Èske ✡ Pwov 1:20-21sajès pa rele? 
Èske bon konprann pa leve vwa li? 
 2 Anlè ✡ Pwov 9:3-14wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo; 
la li pran pozisyon li. 
 3 Akote ✡ Job 29:7pòtay yo, nan ouvèti vil la, 
nan antre pòtay yo, li kriye fò: 
 4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele! 
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo. 
 5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans! 
✡ Pwov 1:22-32 Moun fou yo, vin konprann sajès! 
 6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay. 
Lè lèv mwen louvri, ✡ Pwov 23:16 y ap devwale bagay ki kòrèk. 
 7 Paske ✡ Sòm 37:30bouch mwen va eksprime verite; 
epi mechanste vin abominab a lèv mwen. 
 8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; 
nanpwen anyen ✡ Det 32:5kwochi oswa pèvès ladann yo. 
 9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, 
e kòrèk pou sila ki ✡ Pwov 3:13 jwenn konesans lan. 
 10 Pran ✡ Pwov 3:14-15konsèy mwen olye ajan, 
e konesans olye pi chwa nan lò pi. 
 11 Paske, sajès ✡ Job 28:15-18pi bon ke bijou; 
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l. 
 12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann. 
Konsa, mwen fè jwenn ✡ Pwov 1:4konesans ak bon sans. 
 13  ✡ Pwov 3:7Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, 
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès. 
 14  ✡ Pwov 1:25Konsèy ak bon sajès se pou mwen. 
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m. 
 15 Akoz mwen, ✡ II Kwo 1:10wa yo vin renye; 
e gouvènè yo fè dekrè lajistis. 
 16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa; 
tout moun ki fè jijman ki bon yo. 
 17 Mwen renmen sila ki renmen m yo. 
✡ Pwov 2:4-5 Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen. 
 18  ✡ Pwov 3:16Richès ak lonè avèk m; 
richès k ap dire ak ladwati. 
 19 Fwi mwen ✡ Job 28:15pi bon ke lò, menm lò pi. 
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an. 
 20 Mwen mache nan ladwati, 
nan mitan wout lajistis yo, 
 21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès; 
pou m kab ✡ Pwov 24:4ranpli kès yo. 
 22 SENYÈ a te posede m ✡ Job 28:26-28nan kòmansman travay pa Li; 
menm avan zèv ansyen Li yo. 
 23 Depi nan etènite, mwen te etabli, 
depi nan kòmansman, ✡ Jn 17:5 depi nan tan pi ansyen mond lan. 
 24 Lè potko gen ✡ Jen 1:2pwofondè, mwen te fèt, 
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo. 
 25  ✡ Job 15:7Avan mòn yo te poze, avan kolin yo, 
mwen te fèt; 
 26 pandan li potko fè tè a ak chan yo, 
ni premye grenn pousyè mond lan. 
 27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la, 
lè ✡ Job 26:10 Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a, 
 28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm, 
lè sous nan fon yo te vin etabli, 
 29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, 
lè Li te make tras ✡ Job 38:6fondasyon tè a; 
 30 Nan tan sa a, mwen te akote Li, 
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen 
e te rejwi devan L tout tan, 
 31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a, 
e fè ✡ Sòm 16:3kè kontan nan fis a lòm yo. 
 32 “Alò, pou sa, fis yo, ✡ Pwov 5:7koute mwen; 
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo. 
 33  ✡ Pwov 4:1Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l. 
 34  ✡ Pwov 3:13-18Beni se moun ki koute mwen an, 
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, 
k ap veye kote poto pòt kay mwen an. 
 35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi 
e resevwa lonè devan SENYÈ a. 
 36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; 
tout sila ki rayi mwen yo, ✡ Pwov 21:6 renmen lanmò.”