27
 1 Pa vin ògeye sou bagay demen, 
paske ou ✡ Luc 12:19-20 pa konnen kisa yon jou ka pote. 
 2 Kite ✡ Pwov 25:27yon lòt moun ba ou lwanj, 
e pa fè ak pwòp bouch ou. 
Kite l fèt pa yon ou pa konnen, 
e pa de pwòp lèv ou. 
 3 Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa; 
men moun ensanse k ap anmède a 
pi lou pase yo tou de. 
 4 Fachez rèd fè move. 
Kòlè se yon inondasyon. 
Men se ✡ Pwov 6:34kilès ki ka kanpe devan jalouzi. 
 5 Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache. 
 6 Fidèl se blese a yon zanmi; 
men twonpri se ✡ Mat 26:49bo a yon ènmi. 
 7 Moun vant plen rayi siwo myèl; 
men pou sila ki grangou, 
nenpòt bagay anmè vin dous. 
 8 Tankou yon ✡ Pwov 26:2zwazo ki egare nich li, 
se konsa yon nonm ki mache lwen kay li. 
 9  ✡ Sòm 23:5Lwil ak pafen fè kè kontan; 
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li. 
 10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni ✡ I Wa 12:6-8zanmi a papa ou. 
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. 
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen. 
 11  ✡ Pwov 10:1Sèvi ak sajès, fis mwen, 
e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an. 
 12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; 
men sila ki fou a avanse pou peye pri a. 
 13 Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, 
e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a. 
 14 Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an, 
sa va rekonèt kon madichon pou li. 
 15  ✡ Pwov 19:13Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli 
avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan: 
 16 Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van, 
oswa sezi lwil ak men dwat li. 
 17 Se fè ki file fè; 
se konsa yon nonm file zanmi l. 
 18 Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li, 
e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè. 
 19 Tankou nan dlo, figi reflete figi, 
konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l. 
 20  ✡ Job 26:6Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè; 
ni zye a lòm pa janm satisfè. 
 21 Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; 
konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa. 
 22 Malgre ou ta ✡ Pwov 23:35foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, 
tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li. 
 23  ✡ Jr 31:10Konnen byen kondisyon a bann ou yo, 
e okipe twoupo ou yo; 
 24 paske richès pa la pou tout tan, 
ni yon ✡ Job 19:9kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon. 
 25 Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, 
e zèb mòn yo ✡ És 17:5fin ranmase. 
 26 Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou, 
e kabrit yo va mennen pri a yon chan. 
 27 Lèt kabrit ap kont pou manje ou, 
pou manje tout lakay ou, 
ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.