13
Pou direktè koral la; yon sòm David 
 1 Jiskilè SENYÈ? 
Èske Ou ap ✡ Job 13:24bliye mwen jis pou tout tan? 
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen? 
 2 Pou konbyen de tan mwen va oblije 
✡ Sòm 42:4depann sou pwòp konsèy tèt mwen, 
ak tristès nan kè m tout lajounen? 
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen? 
 3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen; 
✡ Esd 9:8Fè zye m wè, pou m pa mouri; 
 4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” 
✡ Sòm 25:2epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk. 
 5 Men mwen va ✡ Sòm 52:8mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a; 
Kè m va rejwi nan delivrans ou 
 6 Mwen va ✡ Sòm 96:1chante a SENYÈ a, 
paske Li te aji ak bon kè avè m.