15
Yon sòm David 
 1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? 
Kilès ki kab demere sou ✡ Sòm 24:3 mòn sen Ou an? 
 2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; 
li ki pale verite a nan kè li a; 
 3 ki pa fè kout lang sou lòt, 
ni fè vwazen li mal, 
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li; 
 4 nan zye a sila yon vagabon meprize a, 
men ki ✡ Trav 28:10bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; 
li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, 
e li pa chanje menm; 
 5 Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, 
ni ✡ Egz 23:8li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. 
Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.