29
Yon sòm David 
 1  ✡ I Kwo 16:28-29Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, 
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs. 
 2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. 
Adore SENYÈ a ✡ II Kwo 20:21avèk tout sa ki sen. 
 3 Vwa SENYÈ a sou dlo yo. 
Bondye glwa la ✡ Job 37:4,5 fè tonnè gwonde, eklate. 
SENYÈ a sou anpil dlo. 
 4 Vwa SENYÈ a gen ✡ Sòm 68:33gwo fòs. 
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste. 
 5 Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. 
Wi, SENYÈ a fann an mòso ✡ Sòm 104:16 bwa sèd Liban yo. 
 6 Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e 
✡ Det 3:9Sirion tankou yon jèn bèf mawon. 
 7 Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife. 
 8 Vwa SENYÈ a souke savann nan. 
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la. 
 9 Vwa SENYÈ a fè ✡ Job 39:1bich la fè pitit. 
Li fè forè a vin toutouni. 
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”! 
 10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. 
Wi, SENYÈ a chita kon ✡ Sòm 10:16 Wa jis pou tout tan. 
 11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. 
SENYÈ a va beni pèp li a avèk ✡ Sòm 72:3 lapè.