70
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni 
 1  ✡ Sòm 40:13-17 O Bondye, fè vit pou delivre mwen. 
O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou! 
 2  ✡ Sòm 35:4-26 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. 
Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè. 
 3  ✡ Sòm 40:15 Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo. 
 4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. 
Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: 
“Kite Bondye egzalte”. 
 5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite. 
✡ Sòm 141:1Fè vit vin kote mwen, O Bondye! 
Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. 
O SENYÈ, pa mize.