120
Yon chanson pou monte vè tanp lan 
 1  ✡ Sòm 18:6Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. 
Li te reponn mwen. 
 2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, 
de lang ki plen manti yo. 
 3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O ✡ Sòm 52:4lang mansonjè? 
 4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen. 
 5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a ✡ Jen 10:2Méschec, 
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo! 
 6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki 
✡ Sòm 35:20rayi lapè yo pandan twòp tan. 
 7 Mwen ✡ Sòm 109:4vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.