131
Yon chan pou monte vè tanp lan. 
 1 O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa ✡ Pwov 30:13gen awogans. 
Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, 
ni nan sa ki twò wo pou mwen. 
 2 Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen. 
Menm jan ke yon ✡ Mat 18:3pitit poze sou manman l, 
anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre. 
 3 O Israël, ✡ Sòm 130:7mete espwa nan SENYÈ a 
depi koulye a e jis rive pou tout tan.