138
Yon Sòm David 
 1  ✡ Sòm 111:1Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. 
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo. 
 2 Mwen va pwostène mwen ✡ I Wa 8:29vè sen tanp Ou a, 
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; 
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay. 
 3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. 
Ou te fè m plen ak kouraj ak ✡ Sòm 28:7fòs nan nanm mwen. 
 4  ✡ Sòm 72:11Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, 
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou. 
 5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a, 
paske ✡ Sòm 21:5gran se glwa SENYÈ a. 
 6 Paske malgre SENYÈ a egzalte, 
Li toujou okipe sila ki ba yo. 
Men moun ki ✡ Sòm 40:4ògeye yo, 
Li rekonèt yo de lwen. 
 7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, 
Ou va fè m ✡ Éz 9:8-9reprann mwen. 
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. 
Men dwat Ou va sove mwen. 
 8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. 
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. 
Pa abandone zèv men Ou yo.