10
 1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: ✡ Egz 34:1‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e ✡ Egz 25:10fè yon lach an bwa pou kont ou.  2  ✡ Det 4:13Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’ 
 3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te ✡ Egz 34:4taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m.  4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, ✡ Egz 34:28Dis Kòmanman ✡ Egz 20:1ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo.  5 Konsa, mwen te vire ✡ Egz 34:29desann kite mòn nan. Mwen te ✡ Egz 40:20mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.” 
 6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. ✡ Nonb 20:25-28La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li.  7  ✡ Nonb 33:33-34Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo.  8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.✡ Nonb 3:6; Det 17:12  9  ✡ Nonb 18:20-24 Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a. 
 10  ✡ Egz 34:28“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou.  11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’ 
 12  ✡ Mi 6:8“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, ✡ Det 6:5renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,  13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou. 
 14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se ✡ I Wa 8:27pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak ✡ Sòm 24:1tè a, avèk tout sa ki ladann.  15  ✡ Det 4:37Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm.  16  ✡ Lev 26:41Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e ✡ Det 9:6pa kite kè nou di ankò. 
 17  ✡ Jos 22:22“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e ✡ Rev 17:14SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.  18 Li fè jistis pou ✡ Egz 22:22-24òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.  19  ✡ Lev 19:34Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. 
 20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. ✡ Det 11:22Kole kote Li, e ✡ Det 5:11nou va sèmante pa non pa Li.  21 Se Li menm ki ✡ Sòm 109:1lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè.  22  ✡ Jen 46:27Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.