18
 1 Epi Bildad, Shuach la te reponn: 
 2 “Pou jiskilè ou va chase pawòl? 
Montre bon sans ou pou nou kab pale. 
 3 Poukisa nou ✡ Sòm 73:22gade tankou bèt, 
tankou sòt nan zye ou? 
 4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou, 
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone, 
oswa wòch la deplase nan plas li? 
 5 “Anverite, ✡ Job 21:17limyè a mechan an va etenn, 
e flanm dife li pap bay limyè. 
 6 Limyè nan tant li an vin ✡ Job 12:25fènwa, 
e lanp li etenn sou li. 
 7 Gran pa dyanm li yo vin kout, 
e ✡ Job 15:6pwòp manèv li a vin desann li. 
 8 Paske li ✡ És 24:17-18tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li 
e li mache sou file a. 
 9 Yon pèlen pran l pa talon, 
e yon filè vin fèmen sou li. 
 10 Yon pyèj kache pou li nan tè a, 
e yon zatrap sou chemen li. 
 11 Patou ✡ Job 15:21laperèz fè l sezi e kouri dèyè l 
nan chak pa ke li fè. 
 12 Fòs li vin ✡ És 8:21epwize e gwo dega parèt akote li. 
 13 Kò li devore pa maladi; 
premye ne lanmò a ✡ Za 14:12devore manm kò li yo. 
 14 Li ✡ Job 8:22fin chire soti nan sekirite tant li an 
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la. 
 15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li; 
✡ Sòm 11:6souf gaye toupatou sou abitasyon li. 
 16  ✡ Mat 4:1Rasin li vin sèch anba li, 
e ✡ Job 15:30-32 branch li fin koupe pa anwo. 
 17  ✡ Sòm 34:16 Memwa li fin disparèt sou tè a 
men li pa gen non nan okenn lòt peyi. 
 18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive ✡ Job 5:14nan tenèb, 
e chase jis deyò mond kote moun rete a. 
 19 Li pa gen ni ✡ Job 27:14-15desandan ni posterite pami pèp li a, 
ni okenn moun ki rete kote li te demere. 
 20 Sila nan lwès yo vin revòlte de ✡ Jr 50:27desten li 
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz. 
 21 Anverite, se konsa ✡ Job 21:28abitasyon a mechan yo ye a. 
Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”