29
 1 Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch 
va ✡ Pwov 6:15 vin kraze sibitman san remèd. 
 2 Lè ✡ Est 8:15moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; 
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi. 
 3 Yon nonm ki ✡ Pwov 10:1renmen sajès fè papa l kontan; 
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li. 
 4  ✡ II Kwo 9:8Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab; 
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li. 
 5 Yon nonm ki ✡ Sòm 5:9flate vwazen li 
ap ouvri filè pou pla pye li. 
 6 Pa transgresyon yon nonm mechan 
vin ✡ Pwov 22:5pran nan pyèj nèt; 
men moun dwat la va chante e rejwi. 
 7 Moun ✡ Job 29:16ladwati a gen kè pou dwa malere; 
men mechan an pa menm konprann afè sa a. 
 8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife; 
men moun ✡ Pwov 16:14 saj yo kalme kòlè. 
 9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann, 
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo. 
 10 Moun k ap ✡ Jen 4:5-8vèse san rayi inosan an; 
men moun dwat yo pwoteje lavi li. 
 11 Moun san konprann toujou fache; 
men ✡ Pwov 19:11yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl. 
 12 Si ✡ I Wa 12:14gouvènè a prete atansyon a manti, 
tout minis li yo va vin mechan. 
 13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble; 
se SENYÈ a ki ✡ Esd 9:8 mete limyè nan zye tou de. 
 14 Si yon ✡ Sòm 72:4wa jije pòv yo ak verite, 
twòn li va etabli jis pou tout tan. 
 15  ✡ Pwov 13:24Baton ak repwòch bay sajès; 
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l. 
 16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; 
men ✡ Sòm 37:34-36moun dwat yo va wè tonbe yo. 
 17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; 
anplis, li va ✡ Pwov 10:1 bay nanm ou gwo plezi. 
 18 Kote nanpwen ✡ I Sam 3:1vizyon, pèp la san fren; 
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a. 
 19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav; 
paske malgre li konprann, li p ap reponn. 
 20 Èske ou wè yon nonm ki ✡ Jc 1:19 pale vit san reflechi? 
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm. 
 21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, 
nan lafen, twouve yon fis. 
 22 Yon ✡ Pwov 15:18nonm an kòlè pwovoke konfli 
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò. 
 23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba; 
men yon ✡ Pwov 15:33 lespri enb va jwenn respè. 
 24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; 
li ✡ Lev 5:1pran sèman an men li pa pale anyen. 
 25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen; 
men sila ki ✡ Sòm 91:1-16mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo. 
 26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; 
men ✡ És 49:4lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a. 
 27 Tankou yon nonm ✡ Sòm 6:8enjis abominab a moun dwat, 
yon nonm ladwati abominab a mechan yo.