54
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm 
a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?” 
 1 Sove mwen, O Bondye, ak non Ou 
e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou. 
 2 Koute lapriyè mwen, O Bondye. 
✡ Sòm 5:1Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen. 
 3 Paske etranje yo fin leve kont mwen. 
Moun vyolans yo te chache lavi mwen. 
Yo ✡ Sòm 36:1 pa t mete Bondye devan yo. 
 4 Gade byen, Bondye se èd mwen. 
SENYÈ a se ✡ Sòm 37:17-24 soutyen a nanm mwen. 
 5 Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. 
Detwi yo ✡ Sòm 89:49 nan fidelite Ou. 
 6  ✡ Nonb 15:3Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. 
Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon. 
 7 Paske Li te ✡ Sòm 34:6delivre mwen nan tout twoub. 
Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.