140
Pou direktè koral la; Yon Sòm David 
 1  ✡ Sòm 17:13Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo. 
Delivre m de moun vyolan yo: 
 2 ka p ✡ Sòm 7:14 fè manèv mechan nan kè yo. 
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè. 
 3 Yo file lang yo tankou koulèv. 
✡ Sòm 58:4Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. 
Tan
  4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. 
Pwoteje m de moun vyolan ki te ✡ Sòm 36:11 fè plan pou pye m yo ta tonbe yo. 
 5 Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. 
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. 
Yo fin plase yon ✡ Sòm 141:9pyèj pou mwen. 
Tan
  6 Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” 
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo. 
 7 O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, 
Ou te ✡ Sòm 144:10kouvri tèt mwen nan jou batay la. 
 8 Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. 
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. 
Tan
  9 Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, 
pou ✡ Sòm 7:16malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo. 
 10 Kite ✡ Sòm 11:6chabon tou limen vin tonbe sou yo. 
Kite yo jete nan dife, 
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti. 
 11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. 
✡ Sòm 24:2-10Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan. 
 12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, 
e fè ✡ Sòm 12:5jistis pou malere a. 
 13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. 
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.