14
 1  ✡ I Wa 15:8Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo.  2 Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a,  3 paske li te retire lotèl etranje yo avèk ✡ I Wa 15:12-14wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk ✡ Egz 34:13Asherim yo.  4 Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an.  5 Li te osi retire wo plas yo avèk ✡ II Kwo 34:4-7lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li.  6 Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, ✡ II Kwo 15:15akoz SENYÈ a te ba li repo.  7 Paske li te di a Juda: ✡ II Kwo 8:5“Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi. 
 8 Alò, Asa te gen yon lame a ✡ II Kwo 13:3twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj. 
 9 Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan ✡ II Kwo 11:8Maréscha.  10 Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréschja a.  11 Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; ✡ II Kwo 13:18paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.” 
 12 Konsa, ✡ II Kwo 13:15SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale.  13 Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive ✡ Jen 10:19Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj.  14 Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, ✡ II Kwo 17:10paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj.  15 Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.