9
 1 Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li.  2 Se menm bagay la pou tout moun. Gen yon sèl desten pou moun dwat yo ak mechan yo; pou bon an, pou moun san tach la, ak pou enpi a; pou sila ki ofri sakrifis ak sila ki pa ofri sakrifis la. Tankou sila ki dwat ak pechè a menm jan; tankou sila ki fè sèman an, se konsa sila ki refize sèmante a ye.  3 Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e ✡ Ekl 1:17 foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.  4 Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri.  5 Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo ✡ Job 14:21pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.  6 Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo ✡ Ekl 2:10pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la. 
 7 Ale ✡ Ekl 2:24manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.  8 Kite tout ✡ Rev 3:4vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou.  9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se ✡ Ekl 2:10rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.  10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, ✡ Ekl 11:6fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a. 
 11 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke ✡ Am 2:14kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.  12 Anplis, lòm ✡ Luc 21:34-35pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman. 
 13 Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m.  14  ✡ II Sam 20:16-22Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li.  15 Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la ✡ II Sam 20:16-22 avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a.  16 Konsa mwen te di: ✡ Pwov 21:22“Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo.  17  ✡ Ekl 7:5Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse.  18 Sajès pi bon ke zam lagè; ✡ Jos 7:1-26men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.