39
 1  ✡ II Wa 20:12-19Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè.  2 Ézéchias te ✡ II Kwo 32:25-31kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo. 
 3 Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?” 
Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon ✡ Det 28:49peyi lwen, Babylone.” 
 4 Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?” 
Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.” 
 5 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande ✡ I Sam 13:13-14pawòl SENYÈ dèzame yo,  6 ‘Gade byen, jou yo ap vini lè ✡ II Wa 24:13tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a.  7 ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va ✡ II Wa 24:10-16 pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’ ” 
 8 Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite ✡ II Kwo 34:28nan jou mwen yo.”