50
 1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila 
Mwen te voye manman ou ale a? 
Oswa èske Mwen te ✡ Det 32:30vann ou bay ou yo? 
Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, 
e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo. 
 2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? 
Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? 
Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? 
Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? 
Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; 
Mwen ✡ Jos 3:16fè rivyè yo vin dezè. 
Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf. 
 3 Mwen ✡ És 13:10abiye syèl yo ak fènwa 
e kouvri yo ak twal sak.” 
 4 Senyè a te ban Mwen lang a ✡ És 8:16sa yo ki enstwi yo, 
pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. 
Li fè M leve maten apre maten, 
Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip. 
 5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen. 
Mwen ✡ Mat 26:39pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak. 
 6 Mwen ✡ Mat 26:67te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, 
ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; 
Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache. 
 7 Paske Senyè BONDYE a va ✡ És 42:1fè M sekou. 
Pou sa, Mwen pa t twouble menm. 
Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks. 
Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont. 
 8 Sila ki ✡ És 45:25jistifye Mwen an toupre; 
se kilès ki mennen ka a kont Mwen? 
Kite li rale pre M. 
 9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; 
se kilès ki kondane Mwen? 
Gade byen, yo tout va vin vye; 
epwize tankou yon vètman. 
Mit papiyon twal yo va manje yo. 
 10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, 
ki obeyi vwa a ✡ És 49:2-3sèvitè Li a, 
ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? 
Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a 
e depann de Bondye li a. 
 11 Gade byen, nou tout ki ✡ Pwov 26:18limen yon dife, 
ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; 
mache nan limyè dife nou te fè a, 
e pami tòch yo nou te lime a. 
Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: 
Nou va kouche pou fè lamantasyon.