5
 1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn? 
A kilès nan ✡ Job 15:15sen fidèl yo ke ou va vire? 
 2 Paske ✡ Pwov 12:16rankin va touye moun ki plen foli, 
e jalouzi va touye moun senp lan. 
 3 Mwen te wè ✡ Jr 12:2 moun san konprann ki t ap pran rasin, 
e byen vit, mwen te denonse kay li. 
 4  ✡ Job 4:11Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; 
menm nan pòtay la, yo oprime, 
ni pa gen moun pou delivre yo. 
 5 Moun grangou yo devore rekòlt li, 
e mennen l yon kote plen pikan. 
Epi ✡ Job 18:8-10pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo. 
 6 Paske ✡ Job 15:35malè pa sòti nan pousyè, 
ni gwo twoub pa pouse soti nan tè; 
 7 paske ✡ Job 14:1lòm fèt pou gwo twoub, 
tankou etensèl dife vole anlè. 
 8  ✡ Job 13:2-3“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye, 
pou m ta plede kòz mwen devan Bondye. 
 9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; 
mèvèy ki pa kab menm konte yo. 
 10 Li ✡ Job 36:27-29bay lapli sou tè a, 
e voye dlo sou chan yo, 
 11 Jiskaske ✡ Job 22:29Li leve sila ki enb yo, 
e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou. 
 12 Li ✡ Sòm 33:10anile manèv a sila ki gen riz yo 
pou men yo pa reyisi. 
 13 Li ✡ Job 37:24kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo, 
e konsèy a moun k ap twonpe moun nan 
vin kontrekare byen vit. 
 14 Nan gwo lajounen, yo ✡ Job 12:25 jwenn ak tenèb, 
e yo egare gwo midi tankou se te lannwit. 
 15 Men li sove yo de ✡ Job 4:11nepe a pwop bouch yo, 
e menm malere a chape nan men pwisan an. 
 16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa, 
e ✡ Sòm 107:42inikite oblije pe bouch li. 
 17 “Gade byen kijan nonm 
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. 
Konsa, ✡ Eb 12:5-11pa meprize disiplin Toupwisan an. 
 18 Paske se ✡ És 30:28Li menm ki blese, 
e se Li menm ki retire blesè a; 
Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l. 
 19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; 
Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou. 
 20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, 
e nan ✡ Sòm 144:10 lagè, devan pouvwa nepe a. 
 21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan, 
e ✡ Sòm 91:5-6 ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt. 
 22 Ou va ✡ Job 8:21ri devan vyolans ak grangou, 
e ou p ap pè bèt sovaj yo. 
 23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo, 
e ✡ És 11:6-9bèt sovaj yo va anpè avèk ou. 
 24 Ou va konnen ke ✡ Job 8:6tant ou an pwoteje, 
paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt. 
 25 Anplis, ou va konnen ke ✡ Sòm 112:2desandan ou yo va anpil, 
e ✡ És 44:3-4sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè. 
 26 Ou va ✡ Job 42:17rive nan tonbo a ak tout fòs ou, 
tankou gwo sak ble nan sezon li. 
 27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye. 
Tande sa e konnen l pou kont ou.”