28
 1  ✡ Jn 20:1-8Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan. 
 2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e ✡ Luc 24:4yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule ✡ Mat 27:66wòch akote a, e li te chita sou li.  3 Li te ✡ Dan 7:9parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj. 
 4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri. 
 5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: ✡ Mc 14:27“Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.  6 Li pa la, paske Li leve, ✡ Mat 12:40menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”  7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nan✡ Mat 26:32Galilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.” 
 8 Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo. 
 9 Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo. 
Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L.  10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di  ✡ Jn 20:17frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”  
 11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan ✡ Mat 27:65,66gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a.  12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo.  13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi.  14 Si sa ta gen tan rive nan ✡ Mat 27:2zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’ ”. 
 15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te ✡ Mat 9:31gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a. 
 16 Men onz disip yo te fè wout yo pou ✡ Mat 26:32Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a.  17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men ✡ Mc 16:11kèk te doute. 
 18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: ✡ Dan 7:13“Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.  19  Konsa, ale  ✡ Mat 15:32 fè disip a tout nasyon yo, epi  ✡ Trav 2:38batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.  20  Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa,  ✡ Mat 18:20 Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”