100
Yon Sòm Remèsiman an 
 1  ✡ Sòm 95:1 Rele fò a SENYÈ tout latè a! 
 2  ✡ Det 12:11-12 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan! 
Vini devan Li avèk chan lajwa. 
 3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. 
Se Li menm ki te ✡ Job 10:3-8 fè nou, e se pou Li nou ye. 
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li. 
 4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, 
e nan lakou Li yo avèk lwanj. 
Ba Li remèsiman! 
Beni non Li! 
 5 Paske Bondye bon. 
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, 
✡ Sòm 119:90 e fidelite Li a tout jenerasyon yo.