130
Yon chan pou monte vè tanp lan. 
 1 Soti nan ✡ Sòm 42:7pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. 
 2 SENYÈ, koute vwa mwen! 
Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo. 
 3 Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, 
O SENYÈ, se kilès ki ta kab ✡ Sòm 76:7kanpe? 
 4 Men avèk Ou menm, gen padon, 
pou moun ta gen reverans Ou. 
 5 Mwen tann SENYÈ a. 
Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, 
mwen mete espwa m. 
 6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis 
pase gadyen k ap tann maten rive a. 
Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a. 
 7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. 
Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. 
Avèk Li, gen redanmsyon an ✡ Sòm 111:9abondans. 
 8 Li va fè ✡ Sòm 103:3-4redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.