136
 1  ✡ I Kwo 16:34Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 
 2 Bay remèsiman a ✡ Det 10:17 Bondye anwo tout dye yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 
 3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, 
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan; 
 4 A Sila ✡ Det 6:22sèl ki fè gwo mèvèy yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 6 a Sila ki te ✡ Jen 1:2-9ranje tè a anwo dlo yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 7 a Sila ki te ✡ Jen 1:14-18fè gran limyè yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 8  ✡ Jen 1:16solèy ki pou domine lajounen an, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 10 A Sila ki te ✡ Egz 12:29frape Ejipsyen yo nan premye ne yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 11 ki te ✡ Egz 12:51mennen Israël fè l sòti nan mitan yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 12 Avèk yon men fò ak yon bra ✡ Egz 6:1-6 lonje nèt, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 13 a Sila ki te ✡ Egz 14:21divize Lanmè Wouj fè de bò a, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 14 ki te fè Israël pase nan mitan li, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 15 men ✡ Egz 14:27Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 16 a Sila ki te ✡ Egz 13:18mennen pèp Li a nan dezè a, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 17 a Sila ki te ✡ Sòm 135:10-12frape gran wa yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 18 ki te ✡ Det 29:7touye wa pwisan yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 19  ✡ Nonb 21:21-24Sihon, wa Amoreyen an, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 20 ak ✡ Nonb 21:33-35Og, wa Basan an, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 21 e te ✡ Jos 12:1bay peyi yo kon eritaj, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 22 menm yon eritaj a Israël, ✡ Sòm 105:6sèvitè Li a, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 23 ki te ✡ Sòm 9:12sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 24 epi ki te ✡ Jij 6:9delivre nou nan men advèsè nou yo, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 
 25 ki ✡ Sòm 104:27bay manje a tout chè, 
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan. 
 26 Bay remèsiman a ✡ Sòm 104:27Bondye syèl la, 