RUTH  
 1
 1 Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen ✡ Jen 12:10yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti ✡ Jij 17:8Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo.  2 Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te ✡ Jij 3:30antre nan peyi Moab la pou te demere la.  3 Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo.  4 De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane.  5 Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.  6 Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te ✡ Egz 4:31vizite pèp li a nan bay yo manje.  7 Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.  8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. ✡ II Tim 1:16Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou.  9 Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” 
Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye.  10 Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.” 
 11 Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo ✡ Jen 38:11ta vin mari nou?  12 Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis,  13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. ✡ Jij 2:15Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.” 
 14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.  15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk ✡ Jos 24:15 dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.” 
 16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m.  17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou ✡ I Sam 3:17 SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.” 
 18 Lè ✡ Trav 21:14li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò. 
 19 Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, ✡ Mat 21:10tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?”  20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske ✡ Egz 6:3Toupwisan an te aji byen anmè avè m.  21 Mwen te sòti plen, men ✡ Job 1:21SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?”  22 Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem ✡ Egz 9:31nan kòmansman rekòlt lòj la.