16
 1 Koulye a konsènan ✡ Trav 24:17ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.  2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ✡ II Kor 9:4ofrann pa fèt lè m vini.  3 Konsa, lè m rive ✡ II Kor 3:1nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;  4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m. 
 5 Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske ✡ Trav 19:21m ap pase Macédoine.  6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab ✡ Trav 15:3voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.  7 Paske mwen pa vle wè nou koulye a ✡ II Kor 1:15sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.  8 Men mwen va rete ✡ Trav 18:19Éphèse jiska fèt pannkot la;  9 Paske yon ✡ Trav 14:27pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè. 
 10 Alò, si ✡ I Kor 4:17Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè ✡ I Kor 15:58travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.  11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li ✡ Trav 15:33anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo. 
 12 Men konsènan ✡ Trav 18:24Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.  13  ✡ Mat 24:42Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.  14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ✡ I Kor 14:1ak lanmou. 
 15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen ✡ I Kor 1:16lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ✡ Wo 15:31ministè a sen yo).  16 Pou ✡ I Tes 5:12nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.  17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi ✡ II Kor 11:9sa ki te manke nan pati a nou menm.  18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk ✡ Fil 2:29se pou nou rekonèt moun tankou sa yo. 
 19 Legliz Asie yo salye nou. ✡ Trav 18:2Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk ✡ Wo 16:5legliz ki lakay yo a.  20 Tout frè yo salye nou. ✡ Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. 
 21 Salitasyon de ✡ Wo 16:22pwòp men pa m——Paul.  22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). ✡ Fil 4:5Vin non, Senyè nou an!  23  ✡ Wo 16:20Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.  24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.