5
 1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon ✡ Luc 24:48; I Pi 1:5temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a,  2 se pou nou vin bèje ✡ Jn 21:16a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo ✡ Phm 14pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi.  3 Ni se pa tankou ✡ Éz 34:4kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.  4 Epi lè Chèf ✡ I Pi 2:25Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a. 
 5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk ✡ I Pi 3:8imilite youn anvè lòt, paske: ✡ Pwov 3:34“Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”. 
 6 Konsa ✡ Mat 23:12desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la. 
 7 Lage tout ✡ Sòm 55:22tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou. 
 8  ✡ I Pi 1:13; Mat 24:42Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.  9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.✡ Jc 4:7 
 10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, ✡ I Pi 1:6Bondye a tout gras ✡ I Kor 1:9ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.  11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen. 
 12 Avèk èd ✡ II Kor 1:19Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ✡ Eb 13:22ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann! 
 13 Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an ✡ Trav 12:12,25Marc tou. 
 14 Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.✡ Wo 16:16