5
 1 Sa se liv jenerasyon Adan yo. 
Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l ✡ Jen 1:26-27nan imaj Bondye.  2 Li te kreye yo ✡ Mat 19:4 mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a. 
 3 Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.  4 Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi.  5 Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri. 
 6 Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch.  7 Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi.  8 Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri. 
 9 Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan.  10 Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi.  11 Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri. 
 12 Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel.  13 Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi.  14 Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri. 
 15 Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred.  16 Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi.  17 Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri. 
 18 Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc.  19 Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi.  20 Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri. 
 21 Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah.  22 Alò, Hénoc te ✡ Mi 6:8mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.  23 Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane.  24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te ✡ II Wa 2:10pran l. 
 25 Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec.  26 Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi.  27 Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri. 
 28 Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis.  29 Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan ✡ Jen 3:17-19tè ke SENYÈ a te modi a.”  30 Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi.  31 Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri. 
 32 Noé te gen laj ✡ Jen 7:6senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.