12
 1 Éphraïm manje sou van, 
e kouri dèyè ✡ Jen 41:6van lès la. 
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. 
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie 
e lwil vin pote an Égypte. 
 2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda 
e Li va pini Jacob ✡ Os 4:1; Os 7:2selon chemen li yo. 
Li va rekonpanse li selon zak li yo. 
 3 Nan vant manman, li te ✡ Jen 25:26kenbe frè l pa talon; 
epi lè l fin grandi, li te ✡ Jen 32:28 lite ak Bondye. 
 4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; 
li te kriye e li te ✡ Jen 32:26chache favè li. 
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou. 
 5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo, 
SENYÈ a se ✡ Egz 3:15 non Li! 
 6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a, 
✡ Os 6:1-3; Mi 6:8 Swiv ladousè ak lajistis, 
e tann Bondye ou a tout tan. 
 7 Men yon machann, ak ✡ Pwov 11:1fo balans lan nan men l. 
Li renmen twonpe moun. 
 8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. 
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; 
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri 
✡ Os 4:8 okenn inikite, ki ta peche.” 
 9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, 
depi nan peyi Égypte la, va fè ou ✡ Lev 23:42 viv nan tant ankò, 
tankou nan jou fèt deziye yo. 
 10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo 
e mwen te miltipliye vizyon yo; 
epi selon ministè ✡ II Wa 17:13pwofèt yo, 
mwen te sèvi ✡ Éz 17:2 parabòl. 
 11 Èske gen inikite nan Galaad? 
Anverite, yo tout san valè. 
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; 
wi ✡ Os 8:11 lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan. 
 12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, 
✡ Jen 28:5; Jen 29:20Israël te travay pou resevwa yon madanm. 
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton. 
 13 Epi pa yon ✡ Egz 14:19-22pwofèt, SENYÈ a 
te mennen Israël sòti an Égypte. 
Pa yon pwofèt, li te vin prezève. 
 14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè. 
Akoz sa, Senyè li va kite ✡ Éz 18:10-13san li koule sou li, 
e fè ✡ Dan 11:18 repwòch li tounen sou li.