12
 1 Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske ✡ Sòm 30:5malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò.  2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va ✡ És 26:3 fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”  3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va ✡ Jn 4:10rale dlo nan sous sali yo.  4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! ✡ Sòm 145:4 Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte!  5  ✡ Egz 15:1Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè!  6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske ✡ És 1:24gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”