10
 1  ✡ Job 7:16“Mwen rayi pwòp lavi m; 
mwen va fè tout fòs ✡ Job 7:11plent mwen yo parèt. 
Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen. 
 2 Mwen va di a Bondye: ✡ Job 9:29‘Pa kondane mwen! 
Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen. 
 3 Èske se vrèman bon pou Ou ta ✡ Job 9:22-24oprime; 
pou meprize zèv men Ou yo 
e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo? 
 4 Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa ✡ I Sam 16:7èske Ou wè 
kon yon nonm wè? 
 5 Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl, 
oswa ✡ Job 36:26ane Ou yo tankou ane a yon nonm, 
 6 pou ✡ Job 14:16Ou ta dwe chache koupabilite mwen 
e fè rechèch dèyè peche m? 
 7 Malgre Ou konnen mwen pa koupab, 
sepandan, ✡ Job 9:12nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’ ” 
 8 “Se ✡ Sòm 119:73men Ou ki te fòme mwen nèt. 
Konsa, ✡ Job 9:22èske Ou ta detwi mwen? 
 9 Sonje, souple, ke Ou te fè m ✡ Job 4:19kon ajil. 
Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò? 
 10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen 
e fè m kaye tankou fwomaj? 
 11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè 
e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn. 
 12 Ou te ✡ Job 33:4ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou. 
Se swen Ou ki te konsève lespri m. 
 13 Malgre ✡ Job 23:13bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. 
Mwen konnen ke sa a se avèk ou: 
 14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen. 
Ou ✡ Job 7:21pa ta akite m de koupabilite mwen. 
 15 Si mwen mechan, malè a mwen! 
Epi ✡ Job 6:29si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen. 
Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen. 
 16 Si tèt mwen ta vin leve wo, ✡ És 38:13Ou ta fè lachas 
dèyè m tankou yon lyon; 
epi ankò, Ou ta montre ✡ Job 5:9pouvwa Ou kont mwen. 
 17 Ou renouvle ✡ Rt 1:21temwayaj Ou kont mwen, 
e ogmante kòlè Ou vè mwen. 
Dezas monte anwo dezas sou mwen.” 
 18 “Alò, ✡ Job 3:11-13poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m? 
Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m! 
 19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste, 
kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo. 
 20 Èske jou m yo pa kout? 
Rete! 
Ralanti sou mwen pou m kab jwenn 
yon ti kras kè kontan, 
 21 avan ke m ale—✡ Sòm 88:12pou mwen pa tounen 
nan andwa tenèb ak gwo fènwa! 
 22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la, 
nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”