2
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, 
e Li te reponn mwen. 
Mwen te kriye pou sekou 
depi nan pwofondè ✡ Sòm 18:5,6sejou mò yo. 
Ou te tande vwa mwen. 
 3 Ou te ✡ Sòm 69:1,2,14,15jete mwen nan gwo pwofondè a, 
nan kè lanmè yo, 
e gwo kouran dlo a te vale mwen. 
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè 
ou yo te pase sou mwen. 
 4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te ✡ Sòm 31:22vin chase lwen fas ou. 
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’ 
 5  ✡ Lam 3:54 Dlo te antoure mwen 
jiskaske m rive nan pwen lanmò. 
Gwo ✡ Sòm 69:1-2pwofondè a te vale mwen; 
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen. 
 6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo. 
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan, 
men Ou te ✡ Job 33:28leve lavi m monte soti nan fòs la, 
O SENYÈ Bondye mwen an! 
 7 “Pandan mwen t ap ✡ Sòm 142:3 vin endispoze nèt, 
Mwen te ✡ Sòm 77:10,11sonje SENYÈ a 
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an. 
 8 Sila ki ✡ II Wa 17:15konsidere zidòl san valè yo 
abandone tout sous mizerikòd, 
 9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm 
ak vwa aksyon de gras la. 
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va ✡ Job 22:27akonpli. 
✡ Sòm 3:8 Sali a sòti nan SENYÈ a.” 
 10 Epi SENYÈ a te kòmande ✡ Jon 1:17pwason an 
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.