12
 1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, 
men sila ki rayi korije a, se bèt. 
 2 Yon ✡ Pwov 3:4bon moun va jwenn favè SENYÈ a; 
men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a. 
 3 Yon nonm p ap etabli ak mal la; 
men rasin ✡ Pwov 10:25moun dwat la p ap sòti menm. 
 4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li; 
men sila ki fè l wont lan se tankou ✡ Pwov 14:30 pouriti nan zo li. 
 5 Panse a moun dwat yo jis; 
men konsèy a mechan yo se desepsyon. 
 6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; 
men ✡ Pwov 14:3bouch moun dwat yo va delivre yo. 
 7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; 
men kay a moun dwat yo va kanpe. 
 8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; 
men sila ak panse pèvès la va meprize. 
 9 Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè, 
pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an. 
 10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; 
men konpasyon a mechan an se mechanste. 
 11 Sila ✡ Pwov 28:19ki raboure tè li a va gen anpil pen; 
men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann. 
 12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; 
men rasin ladwati yo ✡ Pwov 11:30 va donnen fwi li. 
 13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; 
men moun dwat la va evite pwoblèm. 
 14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, 
e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li. 
 15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li; 
men yon nonm saj koute konsèy. 
 16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; 
men sila ki saj la evite wont. 
 17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; 
men yon fo temwen twonpe. 
 18 Genyen yon moun ki pale san pridans 
tankou sila k ap goumen ak nepe yo; 
men lang a saj la pote gerizon. 
 19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan; 
men ✡ Sòm 52:4-5lang ki bay manti a rete pou yon moman. 
 20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; 
men konseye lapè yo gen jwa. 
 21  ✡ Sòm 91:10Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; 
men mechan yo plen ak twoub. 
 22  ✡ Rev 22:15Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; 
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li. 
 23 Yon moun ✡ Pwov 10:14pridan kache sa li konnen; 
men kè moun san konprann pale jis nan foli. 
 24 Men a dilijan yo va kòmande; 
men parese a va ✡ Jen 49:15fè kòve. 
 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; 
men yon ✡ És 50:4 bon pawòl fè l leve. 
 26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li; 
men chemen a mechan fè yo egare. 
 27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, 
men pi presye nan sa yon nonm ✡ Pwov 10:4posede se dilijans. 
 28  ✡ Det 30:15Nan chemen ladwati se lavi; 
e nan wout li nanpwen lanmò.