30
 1 Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la: 
nonm nan pale Ithiel, 
a Ithiel ak Ucal: 
 2 “Anverite, mwen ✡ Sòm 49:10pi bèt pase tout moun 
e mwen pa gen konprann a yon nonm. 
 3 Mwen pa t aprann sajès, 
ni mwen pa gen ✡ Pwov 9:10konesans a Sila Ki Sen an. 
 4 Kilès ki te ✡ Rev 19:12monte nan syèl la e te desann? 
Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? 
Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? 
Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? 
Ki non li e ki non fis Li a? 
Asireman, ou konnen! 
 5 “Tout ✡ Sòm 12:6pawòl Bondye pase a leprèv; 
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo. 
 6  ✡ Det 4:2Pa ogmante sou pawòl Li yo, 
oswa Li va repwoche ou 
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye. 
 7 “De bagay m te mande ou yo; 
pa refize m yo avan m mouri: 
 8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen. 
Pa ban m richès ni povrete. 
Nouri mwen ak ✡ Job 23:12manje ki se pòsyon pa m nan, 
 9 pou m pa ✡ Det 8:12vin plen e refize rekonèt Ou 
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’ 
oswa, pou m ta manke, vin vòlè 
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an. 
 10 “Pa pale mal yon esklav a mèt li, 
sinon li va ✡ Ekl 7:21modi ou, e ou va twouve koupab. 
 11 Gen yon kalite moun ki ✡ Egz 21:17modi papa li 
e refize beni manman l. 
 12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; 
sepandan, yo poko lave pou sòti salte a. 
 13 Gen yon kalite—O, jan ✡ Pwov 6:17zye li leve wo, 
e pòpyè zye li leve ak awogans. 
 14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe 
ak machwè tankou kouto, 
ki prèt pou ✡ Sòm 14:4devore aflije sou fas tè yo, 
e fè moun malere yo disparèt pami moun. 
 15 “Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’. 
“Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’: 
 16 Sejou Lanmò a, ✡ Jen 30:1vant fanm esteril la, 
latè a ki pa janm jwenn dlo ase, 
ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’. 
 17 “Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, 
✡ Det 28:26kòbo nan vale a va vin rache l, 
e jenn èg yo va manje li. 
 18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen, 
kat ke m pa konprann: 
 19  ✡ Det 28:49Vòl a yon èg nan syèl la, 
pa sèpan an sou wòch, 
chemen gwo bato a nan mitan lanmè, 
ak manèv a yon jennonm ak yon fi. 
 20 “Men konsa chemen a ✡ Pwov 5:6fanm adiltè a: 
Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’. 
 21 “Anba twa bagay, latè tranble, 
e anba kat, li pa ka kenbe: 
 22 Anba yon ✡ Pwov 19:10esklav lè li vin wa, 
ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje, 
 23 anba yon fanm neglije lè l jwenn mari, 
ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la. 
 24 “Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès: 
 25  ✡ Pwov 6:5Foumi se pa yon pèp ki fò; 
men yo prepare manje yo nan gran sezon. 
 26  ✡ Lev 11:5Chat mawon se pa yon pèp pwisan; 
men yo fè kay yo nan wòch. 
 27 Krikèt volan yo pa gen wa; 
men yo parèt ✡ Job 2:7byen alinye. 
 28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou; 
sepandan, li antre nan palè a wa a. 
 29 “Gen twa bagay ki mache parèt bèl, 
menm kat ki bèl lè yo mache: 
 30 Lyon ki ✡ Jij 14:18pwisan pami bèt yo, 
e ki pa fè bak devan okenn bèt; 
 31 Jan kòk mache a, 
menm ak mal kabrit, 
o yon wa lè lame parèt avè l. 
 32 “Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo, 
oswa si ou te fè konplo pou mal, 
✡ Job 21:5mete men ou sou bouch ou. 
 33 Paske lèt k ap laboure vin fè bè, 
ak peze nen pote san; 
se konsa ✡ Pwov 10:12 laboure kòlè pwodwi konfli.”