63
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a. 
 1 O Bondye, Ou se Bondye mwen. 
Mwen va chache Ou ak tout kè m. 
Nanm mwen ✡ Sòm 42:2 swaf pou Ou. 
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo. 
 2 Konsa, mwen ✡ Sòm 27:4 te wè Ou nan sanktiyè a, 
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou. 
 3 Akoz ✡ Sòm 69:16 lanmou dous Ou pi bon pase lavi, 
lèv mwen va louwe Ou. 
 4 Pou sa, mwen va beni Ou ✡ Sòm 104:33 tout tan ke m viv. 
Mwen va leve men m nan non Ou. 
 5 Nanm mwen ✡ Sòm 36:8 satisfè konsi avèk ma zo ak grès, 
e bouch mwen ap ofri lwanj 
avèk lèv ranpli de jwa. 
 6 Lè m sonje Ou sou kabann mwen, 
mwen medite sou Ou nan ✡ Sòm 16:7 vèy de nwi la. 
 7 Paske Ou te konn sekou mwen. 
Nan ✡ Sòm 17:8 lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa. 
 8 Nanm mwen ✡ Nonb 32:12 kole ak Ou. 
Men dwat Ou fè m kenbe. 
 9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo, 
va desann ✡ Sòm 55:15 jis nan fon latè. 
 10 Yo va ✡ Jr 18:21 livre a pouvwa nepe. 
Yo va tounen manje pou rena mawon. 
 11 Men Wa a va rejwi nan Bondye. 
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. 
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.