99
 1 SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble. 
Li ✡ Egz 25:22 plase twòn Li an anwo cheriben yo. 
Kite latè pran tranble! 
 2 SENYÈ a gran nan Sion. 
Li ✡ Sòm 97:9 leve wo anwo tout pèp yo. 
 3 Kite yo louwe non Ou ki ✡ Det 28:58 gran e mèvèye; 
Se sen ke Li ye. 
 4 Pwisans a Wa a ✡ Sòm 11:7 renmen lajistis. 
Ou te etabli ekite. 
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob. 
 5 Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! 
✡ Sòm 132:7 Adore nan machpye twòn Li an. 
Se sen ke Li ye. 
 6 Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e 
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. 
Yo te ✡ Egz 15:25 rele non SENYÈ a e Li te reponn yo. 
 7 Li ✡ Egz 33:9 te pale ak yo nan pilye nwaj la. 
Yo te kenbe temwayaj Li yo, 
avèk règleman ke Li te bay yo. 
 8 O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo. 
Ou te pou yo yon Bondye ki padone, 
men Ou te pran ✡ Egz 32:28vanjans sou zak mechan yo. 
 9 Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! 
Adore nan mon sen Li an, 
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!