13
 1 Chak moun dwe ✡ Tit 3:1obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye.  2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.  3 Paske ✡ I Pi 2:14sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj.  4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon ✡ I Tes 4:6vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo.  5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi ✡ Ekl 8akoz bon konsyans pa nou.  6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a.  7  ✡ Mat 22:21Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo. 
 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.  9 Konsa ✡ Egz 20:13“Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: ✡ Lev 19:18“Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”  10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa ✡ Mat 7:12lanmou toujou akonpli lalwa a. 
 11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou ✡ Mc 13:37leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a.  12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout ✡ Ef 5:11zèv tenèb yo, e abiye nou ak ✡ Ef 6:11,13pwotèj limyè a.  13 Annou ✡ I Tes 4:12gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.  14 Men ✡ Job 29:14abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.