27
 1 Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. ✡ I Sam 26:19Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”  2 Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.  3 Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, ✡ II Sam 2:3chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk ✡ I Sam 25:42,43de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la.  4 Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò. 
 5 Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?”  6 Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, ✡ Jos 15:31Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a.  7 Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te ✡ I Sam 29:31 nan, kat mwa. 
 8 Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti ✡ Egz 15:22Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.  9 David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te ✡ I Sam 15:3 pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch. 
 10 Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te ✡ I Sam 23:27atake jodi a?” 
Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”  11 David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’ ” 
 12 Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”