AMOS  
 1
 1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton ✡ II Sam 14:2; Za 14:5 Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an.  2 Li te di: 
✡ És 42:13“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. 
Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; 
epi patiraj a bèje yo va fè dèy, 
e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.” 
 3 Konsa pale SENYÈ a: 
“Akoz de ✡ Am 2:1,4,6twa transgresyon a Damas yo, menm kat, 
mwen p ap retire pinisyon li; 
akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo. 
 4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël 
e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.✡ I Wa 20:1 
 5 Anplis, Mwen va ✡ Jr 51:30 kase baryè an fè Damas la; 
Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, 
ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; 
epi pèp Syrie a va ale an egzil an ✡ II Wa 16:9Kir,” 
di SENYÈ a. 
 6 Konsa pale SENYÈ a: 
“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat, 
mwen p ap retire pinisyon an, 
akoz yo te depòte tout pèp la, 
pou ✡ Éz 35:5 livre yo bay Édom. 
 7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, 
epi li va devore sitadèl li yo nèt. 
 8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, 
ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. 
Mwen va tounen men mwen kont Ékron, 
epi retay a ✡ És 14:29-31Filisten yo va peri,” 
di Senyè BONDYE a. 
 9 Konsa pale SENYÈ a: 
“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, 
mwen p ap retire pinisyon an, 
akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, 
e yo pa t sonje akò ✡ I Wa 9:11-14 fratènèl la. 
 10 Akoz sa, Mwen va ✡ Za 14:5voye dife sou miray Tyr la, 
e li va devore sitadèl li yo.” 
 11 Konsa pale SENYÈ a: 
“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; 
Mwen p ap retire pinisyon an, 
akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe 
e te refize gen pitye. 
Mekontantman li te dechire tout tan, 
e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.✡ Nonb 20:14-21; És 57:16 
 12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, 
e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”✡ Jr 49:7,20 
 13 Konsa pale SENYÈ a: 
“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; 
Mwen p ap retire pinisyon an, 
akoz yo te ✡ II Wa 15:16chire vant fanm ansent Galaad yo 
pou ✡ És 5:8 agrandi lizyè yo. 
 14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray ✡ Det 3:11Rabba a. 
Li va devore sitadèl li yo nèt, 
nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, 
nan mitan siklòn nan jou tanpèt la. 
 15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, ✡ Jr 49:3 li menm ansanm ak prens li yo,” 
di Senyè a.