5
 1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li. 
Byeneme m nan te gen yon ✡ Sòm 80:8chan rezen sou yon kolin byen fètil. 
 2 Li te fouye toupatou li, 
retire wòch li yo, 
e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. 
✡ Jr 2:21Li te bati yon fò nan mitan l, 
e te fouye yon basen diven ladann. 
Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, 
men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon. 
 3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, 
✡ Mat 21:40jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an. 
 4  ✡ II Kwo 36:16Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? 
Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, 
li te vin pwodwi sa ki pa bon yo? 
 5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: 
Mwen va retire kloti li e li va brile; 
Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt. 
 6 Mwen va gaye gate l nèt. 
Li p ap koupe ni sèkle ak wou, 
men pikan ak zepin va vin leve nan li. 
Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo 
pou ✡ I Wa 8:35 lapli pa tonbe ladann. 
 7 Paske ✡ Sòm 80:8-11chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, 
e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. 
Konsa, Li t ap chache jistis; 
men olye sa Li te jwenn san vèse; 
pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”. 
 8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay 
ak chan a sou lòt chan, 
jiskaske pa gen plas, 
pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a! 
 9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante: 
“Anverite, anpil kay va vin ✡ Mat 23:38vid; 
menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann. 
 10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven 
e yon ✡ Éz 45:11omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.” 
 11 Malè a sila ki leve granmaten yo 
pou yo ka kouri dèyè ✡ Pwov 23:29-30 bwason fò, 
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo. 
 12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; 
men ✡ Job 34:27yo pa okipe zèv SENYÈ yo, 
ni yo pa konsidere zèv men Li yo. 
 13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz ✡ És 1:3mank konesans yo; 
epi mesye ki gen onè yo 
rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf. 
 14 Pou sa, ✡ Pwov 30:16Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo 
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; 
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, 
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann. 
 15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese; 
anplis, ✡ És 2:11zye a ògeye a va vin febli nèt. 
 16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman 
e Bondye sen an va montre ✡ És 8:13 sentete Li nan ladwati. 
 17 Konsa, ✡ És 7:25jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj 
e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo. 
 18 Malè a sila ki rale ✡ És 59:4-8inikite ak kòd manti, 
e ki fè peche tankou se kòd kabwèt; 
 19  ✡ Éz 12:22Ka p di: “Kite Li fè vit, 
kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; 
kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la 
vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!” 
 20 Malè a sila ki ✡ Pwov 17:15rele mal la bon, 
ak bon nan mal; 
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a, 
ak limyè a kon tenèb la; 
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous, 
e sa ki dous kon anmè. 
 21 Malè a sila ki ✡ Pwov 3:7saj nan pwòp zye yo 
e ki sipoze ke yo byen koken yo! 
 22  ✡ Pwov 23:30Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la 
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a, 
 23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab 
e ki ✡ Sòm 94:21 rachte dwa a sila ki gen rezon yo! 
 24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo 
e konsonmen zèb sèch nan flanm nan, 
konsa rasin yo va vin tankou pouriti, 
e flè yo va vannen ale tankou pousyè; 
paske yo fin ✡ És 8:6rejte lalwa SENYÈ dèzame yo, 
e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la. 
 25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, 
Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. 
Mòn yo te tranble 
e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. 
✡ És 9:12-21 Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje. 
 26 Konsa, Li va leve yon ✡ És 13:2-3drapo a yon nasyon byen lwen 
e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè; 
epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès. 
 27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; 
nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; 
ni ✡ Job 12:18 sentiwon nan senti li pa lage, 
menm bretèl sandal li pa janm kase. 
 28  ✡ Sòm 7:12-13Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; 
pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, 
e wou cha li yo tankou toubiyon. 
 29 Kri ✡ Jr 51:38gwonde li tankou yon lyon 
e vwa li tankou jèn lyon; 
li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an 
e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li. 
 30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. 
Si yon moun anwò dlo ✡ És 8:22ta gade vè latè; 
men gade, tout fènwa ak gwo twoub. 
Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.