6
 1  ✡ Pwov 6:20Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.  2  ✡ Egz 20:12Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;  3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè. 
 4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men ✡ Kol 3:21; Jen 18:19elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a. 
 5  ✡ Kol 3:22Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm,  6 pa sèlman devan zye, kòmsi ✡ Gal 1:10pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a.  7 Avèk bòn volonte, rann sèvis ✡ Kol 3:23tankou a Senyè a, e pa a lòm  8 nan konesans ke ✡ Mat 16:27nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib. 
 9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ✡ Job 31:13ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri. 
 10 Anfen ✡ I Kor 16:13se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan ✡ Ef 1:19fòs a pouvwa Li.  11  ✡ Wo 13:12Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo.  12 Paske lit nou an pa kont ✡ Mat 16:17lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.  13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab ✡ Jc 4:7reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.  14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin ✡ És 11:5kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la ✡ És 59:17pwotèj ladwati a.  15 Konsa, ✡ És 52:7abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,  16 e anplis de tout bagay, pran ✡ I Tes 5:8boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.  17 Epi pran ✡ És 59:17kas Sali a ak ✡ Eb 4:12nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.  18 Avèk tout ✡ Fil 4:6lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.  19  ✡ Kol 4:3Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,  20 pou sila ke mwen se yon ✡ II Kor 5:20anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a. 
 21  ✡ Ef 6:21,22; Kol 4:7-9Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay.  22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab ✡ Kol 2:2rekonfòte kè nou. 
 23 Lapè avèk frè nou yo, e ✡ Gal 5:6lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.  24 Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.