3
 1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te ✡ I Kor 1:23piblikman prezante kòm krisifye a?  2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa ✡ Wo 10:17tande avèk lafwa?  3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè?  4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—✡ I Kor 15:2si vrèman se te anven?  5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa ✡ Wo 10:17tande ak lafwa.  6 Malgre sa ✡ Jen 15:6“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.”  7 Konsa, se pou nou asire ke ✡ Wo 4:16se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham.  8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: ✡ Jen 12:3“Tout nasyon yo va beni nan ou”.  9 Alò ✡ Gal 3:7sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an. 
 10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: ✡ Det 27:26“Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”  11 Alò, li klè ke ✡ Gal 2:16pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske ✡ Hab 2:4“Moun jis la va viv pa lafwa”.  12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: ✡ Lev 18:5“Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.” 
 13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: ✡ Det 21:23“Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”  14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ✡ Gal 3:2ta kapab resevwa ✡ Trav 2:33pwomès a Lespri Sen an pa lafwa. 
 15 Frè m yo ✡ Wo 3:5mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.  16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: ✡ Trav 3:25“E a posterite ou”, sa se Kris.  17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini ✡ Jen 15:13kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.  18 Paske ✡ Wo 4:14si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès. 
 19  ✡ Wo 5:20Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.  20 Alò ✡ I Tim 2:5yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl. 
 21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. ✡ Luc 20:16Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa.  22 Men Lekriti sen an ✡ Wo 11:32anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo. 
 23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans akse a lafwa ki t ap vin revele pita.  24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, ✡ Gal 2:16pou nou ta kapab jistifye pa lafwa.  25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba ✡ I Kor 4:15yon pwofesè lekòl ankò.  26 Paske nou tout se ✡ Wo 8:14fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.  27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te ✡ Wo 13:14abiye tèt nou avèk Kris.  28  ✡ Wo 3:22Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.  29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon ✡ Wo 9:8pwomès la.